Ann travay ansanm!

Entèpretasyon

Entèprete vle di tradui lang ki pale.  Sa ka fèt nan yon kabin ki toupre yon sal konferans, dirèkteman nan yon sal reyinyon, oswa nan plizyè anviwònman miltileng (tankou reyinyon diplomatik ak biznis).

Mwen se entèprèt konferans. Mwen entèprete soti nan lang Angle ak Panyòl pou rive nan lang Franse e nan lang  

Kreyòl Ayisyen. 

Tradiksyon

Tradiksyon fèt alekri. Tradui ak entèprete plis pase "annik pale yon lang korèkteman".  Yo se pwofesyon ki mande konpetans espesyalize.

Kòm tradiktè, mwen travay soti nan Nèerlandè, Angle, Panyòl, ak Kreyòl Ayisyen pou rive nan Franse. Mwen tradui soti nan Franse, Panyòl ak Angle rive nan Kreyòl tou.

 
Tradiksyon tou vini ak sa yo rele lokalizasyon, sa vle di adaptasyon referans ak reyalite ki tipik pou yon kilti, nan lang ou vle tradui a. 

Korije ak edite tèks

Mwen ofri sèvis korije tèks anfranse tou, amelyore koherans, presizyon, klète, ak stil tèks ou yo.


Si sa nesesè, mwen ka reestriktire tèks ou yo anfranse, rafine stil ak referans yo selon piblik ou vize a, oswa menm reekri yo nèt. (Se sèvis sa a ki rele edite tèks.)

Objektif mwen se fè kominikasyon ou rive nan nivo anbisyon ou !

Kimoun mwen ye?

Mwen se Marie-Lou Nazaire, entèprèt konferans endepandan e tradiktè tou.  Mwen travay ak biznis entènasyonal, estrikti leta, sant rechèch, ak moun ki ap fè pledwaye. Mwen tradui epi revize dokiman teknik, syantifik, ak komèsyal pou nou. Mwen entèprete reyinyon, webinè, ak konferans nou yo tou. 


Franse se lang natif natal mwen, epi mwen metrize byen lang Neerlandè, Angle, Panyòl, ak Kreyòl Ayisyen.  Domèn ekspètiz mwen yo varye soti nan jeopolitik rive nan agrikilti, enkli newosyans, enèji, nouvo teknoloji ak dwa moun.

Mwen gen yon pasyon pou lang epi mwen toujou ap chèche nouvo defi.  Mwen sèten ke enèji ak ekspètiz mwen  yo se kle pou fè travay ou avanse, defann lide ou, ak devlope pwojè ou yo. Travay mwen se yon valè ajoute nan kominikasyon ou. 


Renmen sa ou fè a, fè li pi fasil pou fè l byen. Mwen renmen lang anpil, e mwen renmen kontinye aprann ak santi mwen itil tou. Se poutèt sa m vreman fèt pour metye tradiktè ak entèprèt!

Mande yon estimasyon

(32) 0472.26.26.39 - [email protected]

Yo travay avè m.

(E yo fè konnen yo te apresye sa.)